Дата випуску: 10.09.2020
Вікові обмеження: 18+
Мова пісні: ht
M'kenbew |
M’rele hey li pa vire se sa' k fè m’bal kou an |
Moun k’ap gade yo rele (weyyy) |
Sou konn lè EDH bay kouran |
Li met moun sou 2 ran tankou se 32 dan |
E l’fè sot deyò menm sa’k te an dedan |
Se skandal m’kraze figi’l ak pla sandal |
M’bali gwo kou m' pa t janm swete ke m’tap janm bal |
Paske’l twonpe’m li trayi konfyans ke mwen te fè'l |
Sa son wonte, pou yon nèg tankou mwen ki gen fyèl |
Mwen’k panse ke li te fidel |
Li telman pran gason e menm fi dèyè'l |
Li pran vi an pou domino l’ap jwe’l pi gwo pi gra |
Li toujou vle’m mennenl Domino’s pou’l ka jwenn pi gwo pizza (extra large) |
Nan men’l m’ap pran bill deyò a l’ap pran bibil |
Li toujou lolo’m m’pa gen kontwòl manzè |
Pou li mwen te yon Lòlò, pou mwen li te yon Manzè |
Tankou S.A.L jodi a m’kenbe manzè |
Kijan ou vle m’avew pandan M’kenbew ak nèg sou vant ou (sou vant ou) |
M’te konn ap plede lè yo di’m ou fel assez souvent tou (assez souvent) |
Kounya ou vle fè'm konprann ke sa m’wè a se pa vre (se pa vre) |
Gad figi manzè k’ap pran’m pou egare (welele) |

Pa jwe ak figi’m pa pran’m pou egare (welele) |
Li t’ap choute ak tou 2 pye’l |
M’pat jan’m wè'l ak tou 2 zyeu’m |
Li trible’m vre, jan’l kanpe an li tou devye’m |
M’kenbe’l sou vant yon nèg |
K’ap monte desann |
Septanm li fèt poutan’l pa vyèj |
Gad jan l’ap montre’m Desanm |
Mwen m’pat konprann m’tal pran’l pou sè legliz |
Premye fwa m’rankontre’l li t’ap mennen ti sè'l legliz |
Lòt dimanch li trennen’m jiskaske nou renmen |
Prezante’m kay paran di manman men nonm mwen |
Men au moins, li ta kite m’fon penso men au moins |
Nou selman anbrase, li pa vle m’al pi lwen |
Li di’m ann tann maryaj, deyò l’ap jwe lotto 5 chif |
L’ap frape fò nan street |
Avèm ou wè l’ap jwe game chich |
Manzè fè m’wè lanmou avèg nan je’m li mete gwo linèt |
Pou li m’te vin fè foli nèt -(fo linèt) — |
Tout sa l’dim se vrè |
M’te ka tuye’w si’w vin dim fo wi mèt |
Kijan ou vle m’avew pandan M’kenbew ak nèg sou vant ou (sou vant ou) |
M’te konn ap plede lè yo di’m ou fel assez souvent tou (assez souvent) |
Kounya ou vle fè'm konprann ke sa m’wè a se pa vre (se pa vre) |
Gad figi manzè k’ap pran’m pou egare (welele) |
Kijan ou vle m’avew pandan M’kenbew ak nèg sou vant ou (sou vant ou) |
M’te konn ap plede lè yo di’m ou fel assez souvent tou (assez souvent) |
Kounya ou vle fè'm konprann ke sa m’wè a se pa vre (se pa vre) |
Pa jwe ak figi’m pa pran’m pou egare (welele) |
-(Skit) — UX |
Cherie e pa fòt mwen non |
M’pat wè kijan pou m’te di’w sa |
Cherie m’pwomèt ou senserite |
Stp padonem |
-(Verse 3) — Cliowen |
M’pap padone’w paske’w fè'm pase pou sa m’pa ye |
Ou fè'm enmi fanm ki zanmi’m |
Atò menm sa m’taye |
Imajine si m’pat avew tout sa m’ta ye? |
Tankou lèt jodi a ou fè tout san’m kaye |
M’panse san ou m’tap yon elèv ki san kaye |
Se pou sa m’pat vle kite’w |
Men ou te nan chyen ou nan chat |
Ou vann mwen chyen nan sac |
M’fè w konfyans ou vyole’l |
Eske e pa kadejak? |
Ou mechan |
-(Outro) |
Aba vyolans sou fanm |